Anpil moun renmen konsome plant, gen moun ki sèvi ak yo paske yo gen bon gou, pandan ke lòt moun itilize yo pou prepare resèt tradisyonèl.
Men èske nou janm poze tèt nou kesyon sou benefis plant pote sou sante nou?
Ki efè pozitif yo ka genyen sou lavi nou?
Atik sa pral eseye pote repons sou kesyon sa yo pandan nap explore 5 benefis plant yo sou sante nou.
1. Plant yo : amelyore sante mantal nou
Gen plant lè nou itilize yo plant, yo diminye strès, depresyon ak anksyete. Yo vin tounen yon sipò natirèl kap ede n kenbe yon ekilib mantal.
- Kamomiy ede kalme lespri, diminye estrès.
- Lavand bon pou anksyete ak relaksasyon.
- Sitwonèl soulaje tansyon emosyonèl, bay relaksasyon.
2. Ede nou rete konsantre
Pafwa nou konn bezwen plis atansyon pou akonpli travay oswa objektif nou. Gen plant ki gen pwopriyete kap ede nou kenbe fokis ak amelyore kapasite refleksyon nou.
- Romaren amelyore memwa ak vijilans.
- Jenjanm stimile sèvo a, bay enèji natirèl.
- Mant gou ak sant lan ede ou rete reveye ak fokis.
3. Amelyore kalite somèy nou
Moun ki gen difikilte pou dòmi kapab jwenn soulajman gras ak plant ki pote trankilite nan lespri e ki ka fè n dòmi pi fasil.
- Valeryan soulaje lensomni.
- Kamomiy itilizel nan te lannwit pou repoze.
- Lavand sant li diminye tansyon, prepare kò a pou dòmi.
4. Ranfòse sistèm iminitè nou
Gen plant ki rich an vitamin, mineral ak konpozan natirèl ki ede ranfòse sistèm defans kò nou kont maladi.
- kanel ak jinjanm konbat rim ak grip.
- Lay natirèlman anti-bakteri ak anti-viris.
- Jenseng ranfòse defans kò a, bay enèji.
5. Sipòte dijesyon
Pwoblèm tankou balonnen oswa gaz ka soulaje lè nou itilize plant ki fèt pou amelyore dijesyon. Yo ede vant nou fonksyone pi byen.
- Mant bon pou balonnen ak gaz.
- Jenjanm ede ak mal vant ki lye ak indijesyon.
- Aticho amelyore mouvman vant ak dijesyon grès.
Toujou sonje ke li impotan pou kelkeswa plant lan nou dwe konsomel ak moderasyon, paske yon plant kapab bon pou ko a men yon konsomasyon depase ap nwi ak sante nou. pa janm fe yon tretman medical oswa natirel san avi yon dòktè ki gen konesans pou sa.
Konklizyon
Plant yo depase senp wòl manje nan lavi nou. Yo se alye natirèl ki soutni sante mantal ak fizik nou. Yo ede nou jwenn repo nan dòmi, ranfòse sistèm iminitè nou, epi soulaje anpil malèz dijestif. Sa raple nou ke lanati se yon eritaj san parèy, yon richès ki toujou la pou n pran swen tèt nou. Se nou ki pou sèvi ak plant yo ak sajès, pou n ka jwenn tout byenfè yo ofri.