Pwodiksyon Agrikòl Depatman Ayiti

Pwodiksyon Agrikòl Depatman Ayiti


Par Einaudie Gerlin Cadeau | Ekip ZabokaMi

Publié le mardi 20 janvier 2026

Depi lè moun kòmanse ap konprann anviwonman, n aprann pwodwi manje pi byen, e sa pèmèt nou rezoud seri pwoblèm nou abitye rankontre. Pou sa rive fèt nou vini ak inovasyon. Anpil fwa gen rejyon ki spesyalize yo nan pwodwi yon tip manje spesifik olye fè tout kalite, swa paske anviwonman, klima oubyen fètilite tè a se defi ki fòse yo adapte yo. Gen lòt zòn ki senpleman gen avantaj natirèl pou pwodwi yon kategori san twòp difikilte. Kèk rezon se klima ak sòl la, lòt se koutim ki pase de jenerasyon an jenerasyon.


Ayiti pa diferan. Nou gen defi, men nou sèvi ak mwayen nou genyen : konensans ak eksperyans ansyen ak nouvo jenerasyon yo, nouvo teknik, teknoloji, ak konesans kominote agrikòl yo. An Ayiti nou pwodwi yon latriye kilti tankou :

  • Sereyal: diri, mayi, pitimi
  • Legiminez: pwa kongo, pwa souch, ariko
  • Vivriyè : patat, yanm
  • Fwi: lam veritab, mango, zaboka, sitwon
  • Marechè: pwawò, tomat, ponm tè, seleri Malgre sa, anpil travay toujou rete pou ogmante pwodiksyon legim, vyann, ze ak pwason nan peyi a.

Atik sa pral esplike kòman nivo pwodiksyon sereyal, legiminez, fwi, rasin, tibèkil, vyann, lèt ak myèl ye nan 10 depatman peyi a. N ap mete aksan sou kilti ki pi pwodwi nan chak depatman oubyen kote pwodiksyon an kantite enpotan. N ap raple potansyèl filyè yo chita sou nivo pant, klima, irigasyon, potansyèl sol rejyon sila. Rejyon ki gen plèn ak plato se rejyon ki ka pwodwi anpil si gen ase jefò ki fèt.


Rezilta Daprè Rapò Ministè Agrikilti

Selon 2 denyè rapò Ministè agrikilti a te reyalize sou pwodiksyon agrikòl nan peyi a 2008-2009, 2014 ak 2015, peyi a te pwodwi ase vyann bèf ak kabrit, epi mango pou satisfè popilasyon an e nou ka obseve tandans sa pa two chanje jiska 2025. Selon rapò sila tou nou te preske pwodwi ase pitimi ak mayi pou konble bezwen yo. Nou te pwodwi anpil pwa ak ariko menm si gen anpil efò ki sipoze fèt toujou. E depatman Latibonit se pi gwo pwodiktè sereyal, spesyalman diri. Grandans pi gwo pwodiktè lam veritab. Tandans yo toujou plase menm jan rive jiska 2025.


Pwodiksyon Chak Depatman

Lis sila prezante prensipal pwodiksyon 10 depatman yo :

  • Latibonit : diri, mayi, sogo, mango fransik, zaboka, ariko, pwa kongo, pwa souch, bannann, patat dous, bèf, kochon, kabrit lokal, cheval
  • Lwès : Mango fransik, zaboka, marechè, ariko, pwa kongo, pwa souch, bannann, bèf, kochon, kabrit lokal, cheval
  • Sant: Mango fransik, lot mang, zaboka, ariko, bannann, patat dous, yanm, bèf, cheval
  • Nò: Lòt mango, zaboka, lam veritab, bannann, patat dous, yanm, bèf,
  • Grandans : Zaboka, lam veritab, mayi, Tibekil, ariko, bannann, yanm, kochon, mouton
  • Sid: lam veritab, Mayi, ti bekil, patat dous, yanm, bèf, kochon, mouton, kabrit lokal, kabrit amelyore
  • Nowès : Lam veritab, pwa souch, patat dous, yanm, mouton,
  • Sidès : Mayi, kochon, kakawo, mayi, ariko,
  • Nip : poul, bèf, pèch, djondjon, myèl, mayi, pitimi, pwa kongo, ariko, melon, legim, arachid, kokoye, bannanan, kabrit
  • Nodès : pwa souch, pistach

Pwodiksyon agrikòl chak depatman se richès pou peyi a. Chak rejyon gen fòs pa li, selon klima, tè ak abitid koutim yo. Sa montre potansyèl agrikilti Ayiti si tout aktè te travay ansanm pou mete plis mwayen, konesans ak teknoloji nan sektè a.

Nou bezwen plis efò pou ogmante pwodiksyon nan tout nivo men sitou bèt, lèt, pwason, legim ak sereyal, epi pou kenbe sa n ap pwodwi yo nan yon bon nivo. Se nan koperasyon ant kiltivatè, teknisyen, ak leta n ap rive garanti sekirite alimantè ak devlopman dirab peyi a.


Sous :(https://agriculture.gouv.ht/IMG/pdf/Resultats_EE_RGA_Centre_14-11-11.pdf#page=181.32) (https://agriculture.gouv.ht/IMG/pdf/presentation_des_resultats_enpa_2014_2_.pdf#page=1.00)

Denye evenman
Videyo Edikatif

Pa gen videyo disponib.