Jaden Lakou : Yon patrimwàn agronomik ayisyen

Jaden Lakou : Yon patrimwàn agronomik ayisyen


Par Einaudie Gerlin Cadeau | Ekip ZabokaMi

Publié le mercredi 11 février 2026

Agrikilti okipe yon plas enpotan nan peyi a. Selon Ministè agrikilti a (MARNDR), agrikilti reprezante anviwon 25% nan PIB nasyonal la, epi li konsantre anviwon 50% popilasyon aktif la. Reyalite sa a pa nouvo; li egziste depi lè nasyon an te fòme, e menm anvan sa.

Agrikilti te toujou pèmèt paran yo pare kou lavi a, reponn ak bezwen fanmi yo tankou lamanjay, sante, levasyon timoun, epi jere ijans yo. Agrikilti se chwal batay yo.


Kontrent agrikilti peyizan an

Malgre sa, pifò peyizan yo ap evolye nan kondisyon difisil : yo manke zouti, ak bon jan semans, ak aksè ak tè (mwens pase 1,5 ekta) epi dlo (FAO, 2005). Mete sou sa, anviwon 75% teritwa peyi a se mòn, e plis pase mwatye tè yo sitiye sou pant ki depase 40% (MARNDR, 2012). Tout sa yo pa anpeche, agrikilti rete poto mitan ki pèmèt gason ak fanm sa yo, ki se soutyen fanmi yo, kenbe tèt yo drèt.


Jaden lakou kòm repons peyizan yo

Pou fè fas ak kontrent sa yo, agrikiltè yo devlope estrateji ki, jounen jodi a, anpil chèchè rekonèt kòm pratik modèn, dirab epi byen adapte ak reyalite mond lan. Youn nan prensipal estrateji sa yo se devlopman jaden lakou yo.

Kisa yo rele jaden lakou ?

Pou n konprann pi byen sijè a, li enpòtan pou n defini kisa yo rele jaden lakou. Jaden lakou se yon sistèm agrikòl milti-etaj kote pye bwa ak divès kalite kilti marye youn ak lòt. Li reprezante yon solisyon efikas pou peyizan ki pa gen ase lajan ni ase tè, paske li pèmèt eksplwatan an tire anpil pwodwi sou yon menm espas.


Tip jadin

Òganizasyon jaden lakou yo (A, B, C, D)

Nan zòn riral kote yo pratike agrikilti, li fasil pou obsève tou prè kay yo jaden ki melanje pye bwa ak kilti. Anpil moun rele yo jaden bò kay, ki se yon fòm sistèm agroforestye, e yo reprezante premye etaj la, yo rele Jaden A. Se li ki nwayo eksplwatasyon an, li gen pye bwa ki bay fwi tankou mango, zoranj, zaboka ak lam veritab.

Toupre Jaden A, nou jwenn Jaden B, oswa jaden prè kay. Nan jaden sa a, gen mwens pye bwa; lè yo prezan, yo plase yo yon fason pou pèmèt lòt kilti jwenn ase solèy. Se la nou ka jwenn sereyal tankou mayi, sògo, pwa ak ariko, rasin ak tibèkil tankou patat ak ponmtè, ansanm ak bannann ak legim. Kilti sa yo souvan asosye youn ak lòt. Genyen tou kilti rant tankou kafe, ki grandi anba lonbraj pye bwa, ak pye mango oswa mandarin.

Anplis aktivite kiltiral yo, agrikiltè yo souvan pratike elvaj (poul, kabrit, bèf, kochon), ki jwe yon wòl enpòtan kòm fòm epay ak sekirite ekonomik pou fanmi an. Pi lwen kay la, nou jwenn Jaden C ak Jaden D, souvan yo sou tè ki mwens fètil.

Nan Jaden C yo, agrikiltè yo kiltive youn oswa de kilti prensipal (mayi, patat, pwa, ariko, pistach, sògo, diri), sitou pou vann. Pafwa, se tè yo lwe oswa yo anfèmen. Jaden D yo, yo menm, gen pye bwa ki la depi plizyè jenerasyon, yo itilize pou fè chabon, poto oswa pou vann, epi yo ka genyen kilti ki pa twò ekzijan, tankou mayi.


Jaden lakou ak agrikilti konsèvasyon tè

Nan jaden sila yo, agrikiltè yo asosye plizyè kilti nan objektif pou pwodwi plis nan yon tan ki kout, san yo pa itilize gwo machin pou laboure tè a. Pratik sa yo sanble anpil ak prensip agrikilti konsèvasyon tè ke anpil syantifik ak enstitisyon entènasyonal ap pwomouvwa jounen jodi a.

An reyalite, agrikilti konsèvasyon tè chita sou kèk prensip fondamantal, tankou : Agrikiltè a dwe kiltive plizyè espès ki pa soti nan menm fanmi olye yon sèl kilti toutan, limite oswa evite labouraj twò fon, ansanm ak pratik asosyasyon ak wotasyon kilti. Daprè literati syantifik la, prensip sa yo pèmèt ogmante randman agrikòl pandan y ap pwoteje tè a, y ap diminye depandans sou angrè chimik, y ap ranfòse rezistans plant yo kont ravajè ak maladi, epi amelyore fonksyònman ekosistèm agrikòl yo an jeneral.

Nan sans sa a, jaden lakou yo ka konsidere kòm yon fòm agrikilti konsèvasyon ki devlope natirèlman, adapte ak reyalite peyizan ayisyen yo, sitou nan yon kontèks kote resous finansye, tè ak mwayen mekanizasyon yo limite. Se gras ak estrateji sa yo agrikiltè yo rive kontinye alimante fanmi yo epi voye pwodui alimantè nan vil yo.


Limit ak defi jaden lakou yo

Poutan, malgre bon pratik sa yo, plizyè faktè vin limite rezilta agrikiltè yo. Tankou chanjman klimatik, ak ogmantasyon fenomèn ekstrèm sechrès ak gwo lapli, ansanm ak move pratik agrikòl ki lakòz erozyon tè, vin diminye kapasite jaden yo pou bay pi bon randman. Anplis, mank fòmasyon teknik sou prensip agrikilti konsèvasyon, absans akonpayman agronomik, ak presyon sou tè yo fè anpil agrikiltè pa rive pwofite tout potansyèl sistèm jaden lakou a.


An konklizyon, jaden lakou yo reprezante yon patrimwàn agronomik enpòtan pou Ayiti, ki deja an amoni ak prensip agrikilti dirab ak konsèvasyon tè.

Si ta gen plis efò ki fèt pou ede agrikiltè yo konprann sistèm sa a pi byen, epi adapte l yon fason estratejik ak kontèks lokal yo, sa ta pèmèt diminye erè ki gen nan pratik sila, sa t ap ogmante randman, epi li t ap ranfòse sekirite alimantè fanmi yo ak peyi a an jeneral.

Denye evenman
Videyo Edikatif

Pa gen videyo disponib.