Booster sevo Timounn yo pou lekol la

Booster sevo Timounn yo pou lekol la


Par Desronvil Duckens | Ekip ZabokaMi

Publié le dimanche 11 janvier 2026 kategori: Blog

Vakans lan fini! Lekòl la rive, chak maten, timoun yo ap soti nan lari a pou retounen sou ban lekòl. Men, pou yo kapab aprann, fòk yo byen manje pou sèvo yo fonksyone kòmsadwa.
Èske ou asire w sa w ap mete nan bwat la ap ede timoun nan reflechi? Èske manje ki pral tann li lè l soti lekòl la ap bay sèvo a fòs pou fè devwa epi etidye?

Anpil fwa lè timoun yo pa rive aprann, nou panse se “lougawou” k ap manje yo. Men an reyalite, se paske yo pa jwenn bon kalite manje. Sèvo a bezwen vitamin ak mineral tankou Magnesium ak Zinc pou l ka byen fonksyone.
Jodi a, ann pale sou 4 kalite manje ki amelyore memwa, konsantrasyon, ak bon fonksyonman sèvo a epi ki pèmèt timoun yo bay bon rezilta nan egzamen.


1. Pwa sèch

Depi nou piti, granmoun yo toujou di nou: “Bwe pwa pou w ka gwo fanm, gwo gason.” Yo gen rezon! Pwa sèch tankou:

  • Pwa nwa
  • Pwa bè
  • Pwa kongo
  • Pwa chich
    se bon sous pwoteyin vejetal ki bay enèji e ki ede sèvo a travay pandan tout jounen an. Yo rich an Magnesium, Zinc ak Fè. Lè timoun yo soti lekòl, li rekòmande pou bay yo plis sòs pwa pase diri, paske sa ede kò a ranfòse enèji li te depanse nan jounen an.

2. Lwil ak grès vejetal

Sèvo timoun ki ap aprann bezwen bon grès natirèl pou:

  • Travay byen
  • Kenbe memwa
  • Rete konsantre nan klas la

Men kèk bon grès vejetal:

  • Lwil kokoye : bay timoun yo enèji rapid pou kò ak sèvo yo (sèvi ak mezi paske li gen anpil grès satire).
  • Lwil oliv : youn nan pi bon lwil pou devlopman sèvo; li pwoteje selil yo epi amelyore memwa.
  • Bè kakawo : sòti nan grenn kakawo, sèvi pou fè chokola; li gen kèk grès satire men li bon pou nè yo e li bay fòs.
  • Zaboka ak pistach : lòt manje ki rich an bon grès natirèl. Nan salad ak lòt resèt, paran yo ka itilize lwil sa yo pou bay timoun yo bon gou ak bon nitrisyon.

3. Fwi sèch

Fwi sèch yo se yon bon ti manje pratik pou timoun yo, sitou nan maten. Yo pote anpil enèji ak eleman ki bon pou sèvo a.
Nan asyèt la ki gen fig ak ze, ou ka ajoute:

  • Rezen sèch : bay glikoz natirèl pou kenbe konsantrasyon.
  • Abriko sèch : pote fè ak potasyòm, ede san sikile pi byen nan sèvo.
  • Nwa ak zanmann : menm si yo klase kòm grenn, yo souvan mete yo nan fanmi fwi sèch. Yo rich an bon grès ak pwoteyin pou ede memwa ak aprantisaj.

4. Legim

Legim yo esansyèl pou devlopman sèvo timoun yo:

  • Kawòt : gen beta-karotèn ak vitamin A ki bon pou vizyon ak atansyon.
  • Epinak ak lòt legim vèt : rich an fè, ede oksijèn sikile nan sèvo a.
  • Piman dous, konkonb, ak bètrav : pote vitamin ak mineral ki kenbe timoun yo vijilan pandan klas.

Konklizyon

Jan nou wè l, gen plizyè fason pou nou varye manje timoun yo epi booster sèvo yo. Kit se nan maten, nan midi oswa nan aswè, nou kapab sèvi ak:

  • Pwa sèch
  • Lwil ak grès vejetal
  • Fwi sèch
  • Legim

Si nou vle bon rezilta nan mwa jen, ann prepare bwat timoun yo depi mwa septanm. À tout timoun ZABOKAMI ap swete nou: “Bon Rantre klas!!” 🎒📚

Denye evenman
Videyo Edikatif

Pa gen videyo disponib.