Melon, yon bon rafrechi

Melon, yon bon rafrechi


Par Desronvil Duckens | Ekip ZabokaMi

Publié le lundi 12 janvier 2026 kategori: Blog

Melon se youn nan fwi anpil moun renmen konsome pou jan li dous e frechè li pote. Nou kiltive l anpil nan peyi a, sitou nan sezon chalè yo. Li se youn nan fwi ki pi rekòmande pou ede bese chalè kò a. Li gen anpil dlo, vitamin ak lòt eleman nitritif ki bon pou sante nou.


Ki avantaj nou jwenn lè n byen manje l?

Melon gen plis pase 90% dlo, sa ki fè li se yon fwi ideyal pou konbat dezidratasyon. Li gen anpil eleman ki itil pou sante nou tankou:
Vitamin A ak C → bon pou po, je, ak sistèm iminitè
Potasyòm → ede bon fonksyònman nè ak mis yo
Fib natirèl → ede netwaye lestomak ak regle dijesyon


Erè anpil moun fè nan manje melon

Anpil moun gen abitid Mete melon nan salad fwi , Fè smoothie ak li Oswa manje l touswit aprè yo fin manje yon gwo plat manje Malerezman, sa pa rekòmande pou sante lestomak nou. Melon se yon fwi ki dijere trè vit nan vant nou. Lè nou konbine l ak lòt manje ki pran plis tan pou dijere, sa ka lakoz fèmantasyon. Sa kapab bay pwoblèm tankou: Gonfleman, Gaz, Vant fè mal Pafwa menm dyare.


Ki pi bon fason pou konsome melon ?

Pou evite dezagreman epi pwofite tout benefis li yo:

  1. Manje l pou kont li, san okenn lòt fwi oswa manje lou.
  2. Lè vant nou vid – nan maten, oswa ant de repa.
  3. Tann omwen 30 a 45 minit aprè ou fin manje anvan ou manje melon.

Sonje 🍈 Melon se yon kado natirèl ki pote frechè, vitamin ak enèji. Pou n ka jwenn tout benefis li yo san pwoblèm, pi bon fason se manje l pou kont li.
Mwen menm, mwen renmen manje melon kraze nan glas 🧊.
E ou menm, ki jan ou renmen manje l?

Denye evenman
Videyo Edikatif

Pa gen videyo disponib.